Egzòd 14:1-31

Egzòd 14:1-31 HAT98

Bondye pale ak Moyiz, li di l: — Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen dèyè, moute tant nou devan Pyakiwòt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a. Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a. M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapousib nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a. Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di li pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa li yo vin chanje lide. Yo di: — Ki sòt nou fè la a? Apa nou kite yo ale vre! Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou yo? Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li. Li pran sisan (600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo. Senyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapousib moun pèp Izrayèl yo ki te sòti kite peyi a devan je tout moun san pèsonn pat di yo anyen. Men apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiwòt anfas Baalsefon. Antan Farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun Lejip yo t'ap rapousib yo. Yo te vin pè anpil anpil. Yo pran rele nan pye Senyè a. Yo di Moyiz konsa: — Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou sòti kite Lejip la? Eske nou pat di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a. Moyiz reponn pèp la: — Nou pa bezwen pè. Pran kouray. Louvri je nou pou nou wè jan Senyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò. Senyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou. Senyè a di Moyiz: — Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache. Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame li a, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a. Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nyaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nyaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. Konsa, de lame yo pat ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan. Moyiz lonje men l sou lanmè a. Senyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò. Moun pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo. Moun peyi Lejip yo pran rapousib yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. Lè douvanjou rive, Senyè a rete nan dife a ak nan nyaj la, li voye je l sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo. Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa: — Annou kouri pou moun Izrayèl yo! Paske se Senyè a k'ap konbat nou nan plas yo. Lè sa a, Senyè a di Moyiz: — Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo. Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Senyè a voye yo jete nan lanmè a. Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape. Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo. Sè jou sa a Senyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men peyi Lejip. Moun Izrayèl yo te wè kadav moun Lejip yo sou tout bò lanmè a. Yo wè sa Senyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Senyè a. Yo mete konfyans yo nan Senyè a ak nan Moyiz, sèvitè l la.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Egzòd 14:1-31

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an