Egzòd 12:1-22

Egzòd 12:1-22 HAT98

Antan Moyiz ak Arawon te nan peyi Lejip la, Senyè a di yo: — Se mwa sa a k'ap premye mwa pou nou nan lanne a. Se li menm k'ap anvan tout lòt mwa yo. Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: Sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay. Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinay ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje. Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen okenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit. N'a gade l apa jouk sou katòzyèm jou mwa a. Jou sa a, nan aswè, tout moun Izrayèl yo va touye ti bèt la anvan li fin fè nwa. N'a pran ti gout nan san bèt la, n'a pase l sou de chanbrann pòt kay la ansanm ak sou travès lento pòt la, nan kay kote n'ap manje ti bèt la. Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman. Piga nou manje vyann lan ni manke kwit ni bouyi. Se boukannen pou nou boukannen l tout ankè ak tout tonbe a. Pa kite anyen pou denmen maten. Si rete rès, se pou nou boule l nan dife. Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l: n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l prese prese, paske se lè sa a Senyè a ap pase. Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Senyè a. San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou. Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo. Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l, se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la. Sou premye jou a ak sou setyèm jou a, n'a reyini pou nou lapriyè. Jou sa yo, nou p'ap fè okenn travay. Manje ase n'a fè pou tout moun manje. N'a toujou fete fèt pen san ledven an, paske se jou sa a mwen te fè tout lame moun nou yo sòti kite peyi Lejip. N'a toujou fete fèt sa a, de pitit an pitit tankou yon lwa ki la pou tout tan. Nan premye mwa a, depi katòzyèm jou a nan aswè rive jouk sou venteyinyèm jou a nan aswè tou, se pen san ledven pou nou manje. Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou, paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou. Se pa pou nou manje pen ki gen ledven. Lakay nou, se pou tout moun manje pen san ledven. Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: — Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou. Apre sa, n'a pran yon branch izòp, n'a tranpe l nan kivèt ki gen san bèt la. N'a pase l sou de chanbrann pòt la ak sou travès lento a. Apre sa, piga pèsonn sòti dèyò lakay yo jouk li jou.