Egzòd 1:1-14

Egzòd 1:1-14 HAT98

Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo: Se te Riben, Simeyon, Levi epi Jida, Isaka, Zabilon epi Benjamen, Dann ak Nèftali, Gad ak Asè. Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la. Apre sa, Jozèf mouri. Tout frè li yo mouri tou ansanm ak tout moun menm jenerasyon ak yo. Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit. Yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin yon fòs nan peyi a. Te gen yon wa lòt fanmi ki vin ap gouvènen peyi Lejip. Wa sa a pa te konnen anyen sou Jozèf. Li di pèp li a konsa: — Gade! Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo vin gen plis fòs pase nou. Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi pou nou bat ak moun sa yo, pou yo pa vin pi plis toujou. Paske si, yon jou, lagè pete la a, yo ka mete ak lènmi nou pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a. Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouray yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje. Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank tou yo t'ap fè pitit, se tank yo t'ap peple. Sa te vin fè moun Lejip yo soti pè moun pèp Izrayèl yo. Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. Yo rann yo lavi minab. Yo fè yo travay rèd rèd ap bat mòtye, ap fè tout kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an