Estè 3

3
Aman sòti pou fè touye jwif yo
1Kèk tan apre sa, wa Asyeris moute #1 Sam 15.32,33 Aman grad. Li nonmen li chèf alatèt tout minis li yo. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag. #3.1: Agag: Se te yon rwa moun Amalèk yo nan tan lontan. Dapre Ansyen Kontra a moun sa yo pat janm vle wè moun pèp Izrayèl yo. 2Wa a #Estè 5.9; 9.24,26 pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou moutre jan yo respekte l. Tout anplwaye yo te fè sa vre esèpte Madoche ki te derifize fè bagay konsa. 3Lòt anplwaye yo mande Madoche poukisa li t'ap dezobeyi lòd wa a te bay la. 4Chak jou yo te dèyè l pou l te konfòme l. Men, li te refize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye, li pa kapab bese tèt li jouk atè devan Aman. Se konsa mesye yo al di Aman sa pou yo wè si li pa t'ap di Madoche anyen. 5Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske. 6Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l pou l touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la.
7Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l fè sa l te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a.
8#Det 4.8; Tra 16.20,21 sa a, Aman al di wa a:
— Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l sou sa. 9Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.
10Wa a #Jen 41.42; Estè 7.6; 8.1,2 ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pat vle wè jwif yo. 11Epi wa a di l konsa:
— Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo.
12Se #1 Wa 21.8; Estè 1.22; 8.8-10 konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete sò bag wa a anba li. 13Yo #2 Kwo 30.6 voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.
14Yo #Estè 8.13,14 voye yon kopi piblikasyon an nan chak pwovens avèk lòd esprès pou yo te fè tout moun konnen pou yo pare kò yo pou jou sa a.
15Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesay la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.

Chwazi Kounye ya:

Estè 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte