Apre sa, lè kòlè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a. Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l: — Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou? Nan tout pwovens peyi ou la, w'a chwazi kèk enspektè ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. W'a mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl. Lèfini, jennfi ki va fè ou plezi plis la, w'a mete li larenn nan plas Vasti. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.
Li Estè 2
Koute Estè 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 2:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo