Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou, Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou. Ansanm ak Kris la, Bondye fè nou leve sòti nan lanmò, li fè nou chita jouk anwo nan syèl la ansanm ak li tou. Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen nou anpil anpil, jan li aji byen avèk nou nan Jezikri. Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.
Li Efezyen 2
Koute Efezyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 2:4-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo