Nou menm, moun Efèz, nou t'ap viv nan lanmò akoz fot nou, akoz peche nou. Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo.
Li Efezyen 2
Koute Efezyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 2:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo