Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans. Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l, plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la. Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.
Li Efezyen 1
Koute Efezyen 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 1:7-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo