Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an! Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen an. Nan Kris, li ban nou tout kalite benediksyon ki nan syèl la. Byen lontan anvan Bondye kreye lemonn, li chwazi nou nan Kris pou nou kapab viv apa pou li, pou nou san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an, Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi. Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!
Li Efezyen 1
Koute Efezyen 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 1:3-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo