Efezyen 1:13-23

Efezyen 1:13-23 HAT98

Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou. Se poutèt tout bagay sa yo, depi mwen tande jan nou gen konfyans nan Kris la, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a, mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè. M'ap mande Bondye, Senyè nou an Jezikri, papa ki gen tout pouvwa a, pou li ban nou Lespri bon konprann pou moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen li byen. Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil. Mwen mande l pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè, lè li resisite Kris la nan mitan mò yo, li fè li chita adwat li nan syèl la. Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman kounyeya sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou. Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l pou l sèl chèf legliz la. Legliz la se kò Kris la. Li se akonplisman Kris la ki, nan tout sans, konplete tout sa ki egziste.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Efezyen 1:13-23

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an