Mwen menm, Pòl, yon moun Bondye te deside chwazi pou apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye ki nan lavil Efèz la, k'ap kenbe fèm nan lavi y'ap mennen ansanm nan Jezikri. Mwen mande Bondye Papa nou ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an! Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen an. Nan Kris, li ban nou tout kalite benediksyon ki nan syèl la. Byen lontan anvan Bondye kreye lemonn, li chwazi nou nan Kris pou nou kapab viv apa pou li, pou nou san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an, Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi. Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la! Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. Li ban nou favè l an kantite, li ban nou tout kalite konprann ak konesans. Li fè nou konnen plan travay li te kenbe sekrè nan kè l, plan travay li te gen lide fè depi lontan an. Se plan sa a li vin reyalize nan Kris la. Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.
Li Efezyen 1
Koute Efezyen 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 1:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo