Eklezyas 2:1-11

Eklezyas 2:1-11 HAT98

Mwen di nan kè mwen: Bon! Ann al pran plezi nou! Ann al mennen lavi dous! Men, mwen jwenn sa a tou, sa pa vo anyen! Ala bagay sòt se lè yon moun ap plede ri! Pran plezi, sa pa rapòte anyen! Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m: Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a. Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. Mwen fouye basen pou m pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo. Mwen achte fi kou gason pou sèvi m esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Mwen antipile anpil bagay fèt ak ajan ak lò lakay mwen, ak lòt richès chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen an, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen. Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen okenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. Apre sa, mwen kalkile sou tou sa mwen te fè ak men mwen, sou tout traka mwen te bay kò mwen pou m'fè yo. Enben, mwen jwenn sa pa te vo anyen. Se kouri dèyè van. Konsa, pa gen okenn pwofi sou tou sa ou fè sou latè beni.