Mwen te sòti pou m te fouye, pou m te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd. Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Yo tout se mouvman nil. Se rapousib van. Moun pa ka drese bwa ki fin kwochi. Moun pa ka konte ze nan vant poul. Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans. Mwen te soti pou m'te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen bon konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men la ankò, mwen wè se rapousib van. Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.
Li Eklezyas 1
Koute Eklezyas 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Eklezyas 1:13-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo