Chonje tout chemen Senyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te sòti pou kenbe kòmandman l yo. Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lamàn pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Senyè a tou pou yo viv. Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle. Se pou nou manyè konprann kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd.
Li Detewonòm 8
Koute Detewonòm 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 8:2-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo