Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an. Veye kò nou pou nou pa janm bliye Senyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a. Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete, lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou, pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite Lejip kote nou te esklav la. Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo sòti nan gwo wòch di a pou nou. Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje lamàn, yon kalite manje zansèt nou yo pat janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan. Pa janm mete nan tèt nou se kouray nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo. Chonje se Senyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouray sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l jouk jòdi a.
Li Detewonòm 8
Koute Detewonòm 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 8:10-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo