Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jodi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt nou yo. Chonje tout chemen Senyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te sòti pou kenbe kòmandman l yo. Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lamàn pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Senyè a tou pou yo viv.
Li Detewonòm 8
Koute Detewonòm 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 8:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo