Detewonòm 8:1-10

Detewonòm 8:1-10 HAT98

Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jodi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt nou yo. Chonje tout chemen Senyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te sòti pou kenbe kòmandman l yo. Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lamàn pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Senyè a tou pou yo viv. Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle. Se pou nou manyè konprann kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd. Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Senyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li. Men, Senyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo, yon peyi kote ki gen ble, lòj, rezen, pye fig frans, grenad, oliv ak siwo myèl, yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo. Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an