Detewonòm 6:1-12

Detewonòm 6:1-12 HAT98

Koulyeya, men kòmandman, lòd ak prensip Senyè a, Bondye nou an, mande pou nou swiv nan peyi nou pral pran pou nou an. Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan. Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa k'a fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gwo nasyon nan peyi sa a, kote lèt ak siwomyèl se va tankou dlo, jan Senyè a, Bondye zansèt nou yo, te di li a. Koute byen, nou menm pèp Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay. Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. N'a ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo. Senyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li sèmante l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl vil nou pa te bati, kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an