Pa fè okenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa òfelen san papa yo. Pa pran rad yon vèv pou garanti lajan nou prete li. Chonje nou menm tou nou te esklav nan peyi Lejip. Se Senyè a menm, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou swiv regleman sa a. Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Senyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè. Lè n'ap keyi oliv, nou pa bezwen pase yon dezyèm fwa pou keyi sa ki te rete yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou ti òfelen san papa yo ak pou vèv yo. Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. Se pou nou toujou chonje yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou swiv lòd mwen ban nou la a.
Li Detewonòm 24
Koute Detewonòm 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 24:17-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo