Moyiz di pèp la konsa: — Senyè a, Bondye nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa la di nou. Se sa menm nou te mande Senyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Senyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri. Lè sa a, Senyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi. M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi la di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo. Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avèk mwen l'ap annafè. Se mwen menm menm l'ap gen pou rann kont. Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l pale nan non mwen pou l di sa mwen pa di l di, oswa pou l ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l pou sa l fè a. Kounyeya nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki sòti nan Bondye? Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Senyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Senyè a pat janm di l di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l di a. Nou pa bezwen pè l.
Li Detewonòm 18
Koute Detewonòm 18
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 18:15-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo