Detewonòm 10:12-22

Detewonòm 10:12-22 HAT98

Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, men sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou. Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a. Gade non! Se pou Senyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l lan ye. Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk kounyeya. Se poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Senyè a. Sispann fè wòklò ak li, paske Senyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l avèk kado y'ap ofri ba li. L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo. Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la. Se pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l. Se nan non l ase pou nou fè sèman. N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou. Lè zansèt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sèlman. Kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, fè nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.