Danyèl 9:3-19

Danyèl 9:3-19 HAT98

Mwen leve je m nan syèl la pou m lapriyè Senyè a, Bondye a, ak tout kè m. Mwen t'ap kriye nan pye l, mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife. Mwen lapriyè nan pye Senyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m ba li, mwen mande l padon pou pèp mwen an. Mwen di: — Senyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo. Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè. Nou pat koute pwofèt yo, sèvitè ou yo, ki te pale nan non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp nan peyi nou an. Ou menm, Senyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pat kenbe pawòl nou avè ou. Wi, Senyè, se yon wont pou nou tout, wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo, paske nou te fè sa ki mal devan ou. Ou menm Senyè, Bondye nou, ou gen bon kè, ou konn padonnen paske nou menm nou te vire do ba ou. Nou pat koute ou, Senyè Bondye nou, pou nou te viv dapre lòd ou te ban nou nan bouch pwofèt yo, sèvitè ou yo. Tout pèp Izrayèl la nèt pat swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou. Ou te fè tou sa ou te di w'ap fè nou ansanm ak chèf ki t'ap gouvènen nou yo. Ou voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm, malè ki pat kò janm rive sou latè. Jan sa te ekri nan liv lalwa Moyiz la, tout malè sa a tonbe sou nou. Men, menm apre sa, nou pat chache fè ou plezi, Senyè Bondye nou. Nou pat sispann fè sa ki mal pou nou te swiv verite ou la. Wi, Senyè Bondye nou, ou te pare pou pini nou, ou pini nou vre, paske ou toujou fè sa ki dwat. Se nou ki pa koute lè ou te pale nou. Kounyeya, Senyè Bondye nou, ou te fè pèp ou a sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou. Jouk jounen jòdi a y'ap nonmen non ou pou sa. Men, nou menm nou peche, nou fè sa ki mal. Senyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè. O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou Tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye. O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil. Senyè, koute nou non! Senyè, padonnen nou! Senyè, louvri zòrèy ou! Fè kichòy! Pa mize, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye! Lavil la ansanm ak pèp la se pou ou yo ye. Se pou yo m'ap lapriyè.