Danyèl 6

6
Danyèl nan twou lyon an
1Dariyis deside chwazi sanven (120) prefè li mete chèf nan tout peyi a. 2Lèfini, li chwazi Danyèl ak de lòt moun li mete alatèt prefè yo. Reskonsabilite yo se te kontwole travay prefè yo pou yo te ka defann enterè wa a. 3Danyèl #Jen 41.40; Estè 10.3; Da 5.12 sa a te fè travay li pi byen pase tout lòt gwo chèf ak prefè yo paske li te gen lespri pase yo. Se konsa wa a te fè lide mete l reskonsab tout peyi a. 4#Eze 14.14,20; Fil 2.15 sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pat ka jwenn anyen pou yo repwoche l sitèlman Danyèl te yon nom serye nan tou sa l'ap fè. Li pat pote okenn neglijans ni pat gen okenn mank nan travay li. 5Lè sa a yonn di lòt:
— Nou pa ka jwenn anyen ki mal nan travay Danyèl ap fè a. Ann chache nan jan l'ap sèvi Bondye l la.
6Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l konsa:
— Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! 7Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon yo. 8Monwa, #Estè 1.19; 8.8 nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pat ka chanje anyen ladan l, tout moun fèt pou koube devan l.
9Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la. 10#1 Wa 8.48; Sòm 28.2; 55.17; 138.2 Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, l'al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
11Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l la. 12Yo tout al jwenn wa a epi yo di l:
— Monwa, eske ou pat siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon an, pa vre?
Wa a reponn:
— Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.
13Lè sa a, mesye yo di wa a:
— Danyèl, yonn nan moun Jida yo te depòte isit yo, pa okipe ou menm, monwa. Li pa respekte lòd ou te bay la. Twa fwa pa jou, l'ap lapriyè lapriyè l!
14#Mak 6.26 wa a tande sa, sa te fè l lapenn anpil, li di nan kè l se pou l sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l fè kichòy pou Danyèl. 15Mesye yo tounen kay wa a ankò, epi yo di l:
— Monwa, pa bliye. Dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès, depi wa a fin siyen yon lòd, se fini.
16Se #Tra 27.23; 2 Kor 1.10 konsa, wa a bay lòd pou yo pran Danyèl, pou yo jete l nan gwo twou kote lyon yo ye a. Li di Danyèl konsa:
— Mwen mande pou Bondye w'ap sèvi san dezanpare a delivre ou!
17Yo #Estè 3.12; Lam 3.53; Mat 27.66; Rev 20.3 pote yon gwo wòch. Yo mete l anwo bouch twou a pou fèmen l. Lèfini, yo mete sele sou li, wa a siyen l ansanm ak lòt chèf yo. Konsa, pèsonn pa ta ka vin sove Danyèl. 18Apre #Estè 6.1 sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l.
19Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an. 20#Da 3.15; 2 Tim 4.17 li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di:
— Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?
21Danyèl pale, li di wa a:
— Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò! 22Bondye #Sòm 22.21; Da 3.28; 6.4; Eb 1.14; 11.33; 2 Tim 4.17 mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre?
23Wa a #Da 3.25 te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl sòti nan twou a mete l deyò. Lè yo rale mesye sòti, yo wè lyon yo pat grafinyen l menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l. 24#Det 19.19 sa a, wa a bay lòd pou y'al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pat ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gentan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.
25Apre #Da 4.1 sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo:
— Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze! 26Men #Sòm 99.1; Da 4.34 lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l.
Se yon Bondye vivan li ye!
Se li menm ki chèf pou tout tan!
Gouvènman li p'ap janm tonbe.
Pouvwa li p'ap janm fini.
27Li #Da 3.28,29 sove, li delivre,
li fè bèl bagay ak gwo mirak
nan syèl la ak sou latè.
Li sove Danyèl, li pa kite lyon yo devore l!
28Zafè #2 Kwo 36.22,23; Da 1.21; 10.1 Danyèl te mache byen pandan tout reny wa Dariyis ak wa Siris, moun peyi Pès la.

Chwazi Kounye ya:

Danyèl 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an