Danyèl 12

12
Lè tou sa pral fini
1Zanj ki te gen rad swa sou li a, di #Egz 32.32,33; Da 10.13; Jowèl 2.2; Mak 13.19; Lik 10.20; Rev 16.18; 20.12 ankò:
— Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun po kò janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. 2Anpil #Sòm 17.15; Eza 26.19; Eze 37.1-10; Mat 25.46; Jan 5.28,29; 11.11; Tra 24.15; Rev 20.13 nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. 3Moun #Da 11.33; Mat 13.43 ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.
4Li #Eza 8.16; 29.11; Da 8.17,26; Rev 22.10 di m ankò:
— Bon. Kounyeya, Danyèl, fèmen liv la. Sele l byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
5Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. 6Yonn #Eze 9.2; Da 8.13; 10.5 ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l:
— Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive?
7Zanj #Jen 14.22; Da 7.25; 8.24; Lik 21.24; Rev 10.6 lan leve bra l anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa:
— Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.
8Mwen tande sa l te di a, men mwen pat konprann. Konsa, mwen mande l:
— Men, mèt, ki jan sa ap fini menm?
9Li reponn mwen:
— Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini. 10#Da 11.33,35; Rev 7.14; 22.11 sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap sòti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.
11Si #Da 11.31; Mak 13.14 ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevenndis (1.290) jou ki gen pou pase. 12Ala #Mat 10.22; Jak 1.12; 5.11 bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (1.335) jou sa yo va fin pase!
13Ou #Mat 13.39; Rev 6.11 menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!

Chwazi Kounye ya:

Danyèl 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte