Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m refè. Epi li di m: — Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouray ou! Lè li di m sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: — Mèt, ou fè m vin gen fòs. Di m sa ou gen pou di m lan non! Lè sa a, li di m: — Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Kounyeya, mwen gen pou m al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. Pa gen lòt moun pou vin ede m pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.
Li Danyèl 10
Koute Danyèl 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 10:18-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo