Danyèl 10:10-21

Danyèl 10:10-21 HAT98

Apre sa, mwen santi yon men manyen m, li fè m leve sou pla men m ak sou jenou m. M t'ap tranble toujou. Zanj lan di m konsa: — Danyèl, ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kanpe non! Louvri zòrèy ou pou ou tande sa mwen pral di ou. Se Bondye ki voye m kote ou. Lè li fin di m sa, mwen leve kanpe, men m t'ap tranble toujou. Li di m konsa: — Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a. Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la. Mwen vin fè ou konprann sa ki pral rive pèp ou a nan jou k'ap vini yo. Vizyon an fè ou wè sa ki pral rive jou sa yo. Lè li di m sa, m bese je m gade atè san m pa di anyen. Lè sa a, zanj ki te gen fòm yon moun lan lonje men l, li manyen po bouch mwen. Mwen louvri bouch mwen pale, mwen di zanj ki te kanpe devan m lan: — Mèt, vizyon an fè m pè, m pèdi tout fòs mwen, kè m sere! Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M pa gen fòs ankò, m pèdi souf mwen. Zanj ki te gen fòm moun lan manyen m ankò yo dezyèm fwa. Mwen santi m refè. Epi li di m: — Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouray ou! Lè li di m sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: — Mèt, ou fè m vin gen fòs. Di m sa ou gen pou di m lan non! Lè sa a, li di m: — Ou konnen poukisa mwen vin bò kote ou la? Se pou m te ka fè ou konnen sa ki te ekri nan liv verite a. Kounyeya, mwen gen pou m al goumen ak zanj chèf peyi Pès la. Apre sa, zanj chèf peyi Lagrès la va parèt. Pa gen lòt moun pou vin ede m pase Michèl, zanj chèf pèp Izrayèl la.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Danyèl 10:10-21

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an