Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (Nan lang grèk yo te rele l Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. Lè sa a, li tonbe malad epi li mouri. Yo benyen kò a epi yo espoze li anlè nan chanmòt la. Lavil Jope pat twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l avèk mesay sa a: — Tanpri, pa mize vin lakay nou. Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l te la avèk yo. Pyè fè tout moun sòti. Li mete jenou l atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kote kò a, li di li: — Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l, lè l wè Pyè, li chita. Pyè lonje men l ba li, li fè l leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Senyè a.
Li Travay 9
Koute Travay 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 9:36-42
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo