Antan li sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a. Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li: — Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: — Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: — Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.
Li Travay 9
Koute Travay 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 9:3-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo