Travay 7:20-35

Travay 7:20-35 HAT98

Se lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l pandan twa mwa lakay papa li pou ba l tete. Men, lè yo te lage l deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l: li elve l tankou pitit pa li. Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l te pale ak sa l t'ap fè, yo te wè mesye te fò anpil. — Lè Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l yo, moun pèp Izrayèl yo. Lè l rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li. Li te kwè frè l yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l pou delivre yo a. Men, yo pat konprann sa. Nan denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa? Men, sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a? Lè Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, l'al viv nan peyi Madyan. Antan l te la, li fè de pitit gason. — Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a. Moyiz te sezi lè l wè aparisyon sa a. Antan l t'ap pwoche pou gade l pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di: Se mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l pou l gade. Lè sa a Bondye di l ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye. Mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan l ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Kounyeya, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip. — Moun pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an