Travay 4:1-22

Travay 4:1-22 HAT98

Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive. Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche. Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil (5.000) moun konsa ki te kwè. Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm. Ladan yo te gen: Àn, granprèt la, Kayif, Jan, Aleksann ansanm ak fanmi granprèt la. Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: — Kote n pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa? Lè sa a, Pyè vin anba pouvwa Sentespri, li di yo: — Mesye chèf pèp la ak chèf fanmi yo: Jòdi a y'ap poze nou kèsyon sou yon byen nou fè pou yon enfim, y'ap mande nou ki jan nonm sa a fè geri. Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan sòti nan lanmò ak pouvwa Bondye. Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki sòti nan mas pèp la, ki pat resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi. Men, yo pat jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kote Pyè ak Jan. Yo mande apòt yo pou yo sòti nan pyès kote Gran Konsèy la te reyini an, epi yo pran diskite bagay la yonn ak lòt. Yo t'ap di konsa: — Kisa pou n fè ak mesye sa yo? Paske, tout moun nan Jerizalèm konnen byen pwòp se yo ki te fè gwo mirak sa a. Nou pa ka di se pa vre. Men, pou nouvèl la pa gaye plis nan pèp la, n'ap kraponnen yo, n'ap defann yo pale ak pèsonn nan non Jezi. Apre sa, yo fè rele apòt yo, yo pase yo lòd pou yo pa janm pale ni moutre pèp la anyen nan non Jezi. Men, Pyè ak Jan reponn yo: — Jije nou menm kisa ki pi bon devan Bondye: Obeyi nou osinon obeyi Bondye? Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande. Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa te kapab fè anyen paske, pou sa ki te rive a, tout pèp la t'ap di: Beniswa Letènèl! Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase.