Travay 3:1-19

Travay 3:1-19 HAT98

Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè. Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite. Li wè Pyè ak Jan ki ta pral antre, li mande yo kichòy. Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: — Gade nou. Nonm lan pran gade yo. Li te kwè yo ta pral ba l kichòy. Lè sa a, Pyè di li: — Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache. Li pran men dwat li, li fè l kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l yo vin fèm. Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye li, li pran mache. Li antre nan Tanp lan ak yo. Li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap rele: Beniswa Letènèl! Tout pèp la te wè l ap mache, ap fè lwanj Bondye. Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sa k te rive l la. Nonm lan pat kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an. Lè Pyè wè sa, li di pèp la: — Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouray nou osinon paske n'ap sèvi Bondye? Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l nan men otorite yo, nou te voye l jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li. Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l jete, nou te pito mande Pilat pou l te lage yon ansasen ban nou. Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo. Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l geri nèt, jan nou ka wè l la. — Enben, kounyeya, frè m yo, mwen rekonèt se konnen nou pat konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi. Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l soufri. Se konsa sa l te di a vin rive vre. Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo.