Travay 23:11-35

Travay 23:11-35 HAT98

Jou lannwit sa a, Pòl wè Senyè a ki di li: — Kouray! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm. Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl. Te gen karant moun pou pi piti nan konplo a. Y'al jwenn chèf prèt yo ak chèf fanmi yo, yo di yo: — Nou sèmante sou tèt nou, nou p'ap manje anyen toutotan nou pa touye Pòl. Kounyeya, nou menm ansanm ak tout Gran Konsèy la, mande kòmandan an pou l mennen Pòl ban nou, tankou si nou ta renmen egzaminen ka li a pi byen. Nou menm, bò pa nou, nou tou pare pou n touye l anvan l gentan rive isit. Men, pitit gason sè Pòl la pran nouvèl konplo a. L'al nan kazèn lan, li antre, li avèti Pòl. Pòl rele yonn nan ofisye yo, li di li: — Mennen jenn gason sa a bò kote kòmandan an: li gen kichòy pou l di li. Ofisye a pran jenn gason an avè l, li mennen l bay kòmandan an, li di: — Prizonye yo rele Pòl la rele m, li mande m pou mennen jenn gason sa a ba ou. Li bezwen di ou kichòy. Kòmandan an pran men jenn gason an, li mennen l sou kote, li mande li: — Kisa ou gen pou di mwen? Li reponn: — Jwif yo ranje yon konplo. Y'ap mande ou mennen Pòl denmen devan Gran Konsèy la. Y'ap di ou yo ta renmen egzaminen ka mesye pi byen. Pa koute yo. Gen karant moun pou pi piti ki pare pou yo pran li. Yo sèmante sou lavi yo, yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye li. Kounyeya yo fin pare nèt, se repons ou ase y'ap tann. Kòmandan an di l konsa: — Pa kite pèsonn konnen ou te vin di m sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li. Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l yo, li di yo: — Sanble desan sòlda, swasanndis kavalye ak desan zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n pati pou Sezare aswè a, vè nevè. Pare yon chwal pou Pòl tou. Mennen l ale bay gouvènè Feliks an byen, san okenn danje, san okenn malè. Epi li ekri lèt sa a: — Klòd Lizyas voye bonjou ak tout respe l pou chèf li, gouvènè Feliks. Jwif yo te mete men sou nonm sa a, yo ta pral touye l lè m vin konnen se yon sitwayen women li ye. Lè sa a, mwen rive avèk sòlda m yo, mwen delivre li. Mwen mennen l devan Gran Konsèy jwif yo, paske mwen te vle konnen kisa jwif yo t'ap di sou li konsa. Mwen wè li pat fè anyen ki pou ta fè yo touye l ni pou yo mete l nan prizon. Yo t'ap akize l dèske li fè yon bann bagay ki gen rapò ak Lalwa yo a. Lè m vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l, mwen pran desizyon voye l ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l yo pou yo vin pote plent pou li devan ou. Sòlda yo fè tou sa Lizyas te ba yo lòd fè: yo pran Pòl, yo mennen li jouk Antipatris lannwit la menm. Nan denmen, sòlda ki t'ap mache apye yo tounen nan kazèn lan, yo kite kavalye yo fè rès vwayaj la avèk Pòl. Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li. Gouvènè a li lèt la, li mande Pòl moun ki pwovens li ye. Lè l vin konnen se moun Silisi li ye, li di li: — Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an