Travay 23:1-11

Travay 23:1-11 HAT98

Pòl fikse je l sou manm Gran Konsèy yo, li di: — Frè m yo, depi tout tan mwen toujou viv san repwòch devan Bondye jouk jounen jòdi a. Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l yon souflèt. Lè sa a, Pòl di li: — Ou pòtre yon miray blanchi! Se Bondye ki va frape ou. Paske ou swadizan chita sou lalwa pou jije mwen, epi se ou menm ankò k'ap vyole lalwa, lè ou bay lòd leve men sou mwen an. Moun ki te toupre Pòl yo di li: — Apa w'ap joure granprèt Bondye a? Pòl reponn: — Eskize m, frè m. Mwen pat konnen se granprèt mesye te ye. Paske, men sa yo di nan Liv la: Piga ou pale chèf pèp ou a mal. Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: — Frè m yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m an jijman devan nou. Lè l di sa, farizyen yo pran diskite ak sadiseyen yo. Asanble a fè de kan. (Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.) Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: — Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li. Diskisyon an te vin sitèlman cho kòmandan an te pè pou yo pat dechèpiye Pòl. Li bay sòlda yo lòd desann nan asanble a, al wete Pòl nan mitan yo, mennen l tounen nan kazèn lan. Jou lannwit sa a, Pòl wè Senyè a ki di li: — Kouray! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.