Kounyeya m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesay favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li. Mwen pa janm pote lanvi sou lajan pesonn, ni sou lò yo, ni sou rad pyès moun. Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m pou m te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
Li Travay 20
Koute Travay 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 20:32-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo