Travay 20:17-38

Travay 20:17-38 HAT98

Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesay lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li. Lè yo rive, li di yo: — Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m nan Lazi. Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo. Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Senyè Jezi. Kounyeya mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m ale. Mwen pa konnen sa k pral rive m la a. Yon sèl bagay mwen konnen: Nan chak vil kote mwen pase, Sentespri avèti m' se prizon ak anpil soufrans k'ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an. Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, kounyeya, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m ankò. Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab. Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m pa kache nou anyen. Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a. Mwen konnen tou, apre m fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k'ap sòti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen. Kounyeya m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesay favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li. Mwen pa janm pote lanvi sou lajan pesonn, ni sou lò yo, ni sou rad pyès moun. Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m pou m te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa. Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè. Yo ttout t'ap kriye, yo tout tonbe nan kou Pòl, epi yo t'ap di li orevwa. Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l ankò. Apre sa, yo kondi l mennen jouk sou batiman an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an