Travay 20:13-27

Travay 20:13-27 HAT98

Nou pran devan, n'al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l konsa, li te fè lide ale Asòs apye. Lè l vin jwenn nou Asòs, nou pran l abò a, epi n'ale Mitilèn. Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chyo. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè. Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l pat pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la. Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesay lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li. Lè yo rive, li di yo: — Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m nan Lazi. Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo. Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Senyè Jezi. Kounyeya mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m ale. Mwen pa konnen sa k pral rive m la a. Yon sèl bagay mwen konnen: Nan chak vil kote mwen pase, Sentespri avèti m' se prizon ak anpil soufrans k'ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an. Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, kounyeya, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m ankò. Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab. Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m pa kache nou anyen.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an