Travay 20:1-38

Travay 20:1-38 HAT98

Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l pati pou Masedouàn. Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesay. Apre sa, li pati, l'ale Lagrès. Rive la, li pase twa mwa. Li ta pral pran batiman pou peyi Siri lè li vin aprann jwif yo t'ap pare pèlen pou li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwàn ankò. Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi. Yo tout te pran devan, y'al tann nou Twoas. Nou menm, apre fèt Pen San Ledven yo, nou anbake pou lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twowas. Nou rete pase yon senmenn la. Premye jou nan senmenn lan, nan aswè, nou te reyini pou nou manje ansanm. Pòl t'ap pale ak moun ki te rasanble yo. Li te gen pou li pati bonè denmen maten. Li te minwi, li t'ap pale toujou. Nou te rasanble anlè nan chanmòt la. Te gen anpil lanp limen. Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesay Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l epi l dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li sòti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l, li te mouri frèt. Pòl desann, li bese sou li, li pran l nan bra l, epi li di: — Nou pa bezwen pè, li pa mouri. Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati. Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun. Nou pran devan, n'al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l konsa, li te fè lide ale Asòs apye. Lè l vin jwenn nou Asòs, nou pran l abò a, epi n'ale Mitilèn. Antan nou la, nou fè vwal ankò. Nan denmen nou rive devan Chyo. Apre yon jou, nou rive Samòs. Nan denmen ankò nou debake Milè. Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l pat pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la. Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesay lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li. Lè yo rive, li di yo: — Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m nan Lazi. Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo. Nou konnen mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou. Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Senyè Jezi. Kounyeya mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m ale. Mwen pa konnen sa k pral rive m la a. Yon sèl bagay mwen konnen: Nan chak vil kote mwen pase, Sentespri avèti m' se prizon ak anpil soufrans k'ap tann mwen. Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an. Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, kounyeya, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m ankò. Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab. Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m pa kache nou anyen. Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a. Mwen konnen tou, apre m fin ale, gen moun k'ap vin nan mitan nou pou kraze legliz la, tankou chen mawon nan yon bann mouton. Gen moun k'ap sòti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo. Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen. Kounyeya m'ap renmèt nou nan men Bondye avèk mesay favè li a. Se li menm ki ka fòtifye nou, ki ka ban nou tout bon bagay li sere pou tout moun ki pote non li. Mwen pa janm pote lanvi sou lajan pesonn, ni sou lò yo, ni sou rad pyès moun. Nou menm, nou konnen ki jan mwen travay ak men m pou m te ka jwenn tou sa mwen menm ansanm ak kanmarad mwen yo nou te bezwen. Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa. Lè li fin pale konsa, Pòl mete ajenou ansanm ak yo tout, epi li lapriyè. Yo ttout t'ap kriye, yo tout tonbe nan kou Pòl, epi yo t'ap di li orevwa. Sa ki te fè yo plis lapenn, se lè li di yo p'ap janm wè l ankò. Apre sa, yo kondi l mennen jouk sou batiman an.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an