Travay 20:1-12

Travay 20:1-12 HAT98

Lè dezòd la sispann, Pòl reyini disip yo, li ba yo kèk pawòl ankourajman, li di yo orevwa, epi l pati pou Masedouàn. Li pase nan tout zòn lan, li t'ap ankouraje fidèl yo avèk anpil mesay. Apre sa, li pati, l'ale Lagrès. Rive la, li pase twa mwa. Li ta pral pran batiman pou peyi Siri lè li vin aprann jwif yo t'ap pare pèlen pou li. Se konsa, li deside tounen pase Masedwàn ankò. Men non moun ki te avèk li yo: Sopatè, pitit Piris, moun lavil Bere, Aristak ak Sekoundous, tou de moun Tesalonik, Gayis, moun Dèb, Timote, Tichik ak Twofim, tou twa moun pwovens Lazi. Yo tout te pran devan, y'al tann nou Twoas. Nou menm, apre fèt Pen San Ledven yo, nou anbake pou lavil Filip. Apre senk jou, nou jwenn yo lavil Twowas. Nou rete pase yon senmenn la. Premye jou nan senmenn lan, nan aswè, nou te reyini pou nou manje ansanm. Pòl t'ap pale ak moun ki te rasanble yo. Li te gen pou li pati bonè denmen maten. Li te minwi, li t'ap pale toujou. Nou te rasanble anlè nan chanmòt la. Te gen anpil lanp limen. Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesay Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l epi l dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li sòti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l, li te mouri frèt. Pòl desann, li bese sou li, li pran l nan bra l, epi li di: — Nou pa bezwen pè, li pa mouri. Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati. Yo mennen jenn gason an vivan lakay li. Se te yon ankourajman pou tout moun.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an