Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale. Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te sòti nan tout peyi sou latè. Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak. Yo pat manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: — Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye? Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou?
Li Travay 2
Koute Travay 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 2:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo