Travay 2:21-39

Travay 2:21-39 HAT98

Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre. — Nou menm moun ras Izrayèl, koute sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l, paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa. Men, Bondye fè l leve vivan ankò, li delivre l anba doulè lanmò a, paske se pat posib pou lanmò te kenbe l anba pouvwa li. Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. Se poutèt sa kè m kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m ap poze l avèk espwa nan Bondye. Paske, ou p'ap kite m kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Ou fè m konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen. — Frè m yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a. Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li. David te wè sa Bondye ta pral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l leve sòti vivan nan lanmò lè l di: Yo p'ap kite l kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti. — Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a. Bondye fè l moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande kounyeya. Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. — Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la. Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: — Frè nou yo, kisa pou nou fè? Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an