Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.
Li Travay 2
Koute Travay 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 2:17-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo