Travay 2:14-28

Travay 2:14-28 HAT98

Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: — Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m pral di nou la a. Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. Men, sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase kounyeya: Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre. — Nou menm moun ras Izrayèl, koute sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l, paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa. Men, Bondye fè l leve vivan ankò, li delivre l anba doulè lanmò a, paske se pat posib pou lanmò te kenbe l anba pouvwa li. Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. Se poutèt sa kè m kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m ap poze l avèk espwa nan Bondye. Paske, ou p'ap kite m kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Ou fè m konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen.