Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: — Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m pral di nou la a. Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. Men, sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase kounyeya: Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye.
Li Travay 2
Koute Travay 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 2:14-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo