Travay 19:21-41

Travay 19:21-41 HAT98

Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedouàn ak Lakayi, apre sa pou l'al Jerizalèm. Li t'ap di: — Apre mwen sòti la, se pou mal wè lavil Wòm tou. Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l nan sèvis la, devan nan peyi Masedouàn. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi. Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a. Te gen Demetriyis, yon bòs òfèv, ki te konn fè ak lajan ti eskilti tanp deyès Atemis. Travay sa a te konn rapòte ouvriye yo bon ti kòb. Yon jou, li sanble tout ouvriye l yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: — Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv. Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a. Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men sa ki pi rèd la ankò, kay deyès Atemis lan pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen. Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: — Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès! Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwàn ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj la, foul la kouri, y'ale nan Estad la. Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l non. Te gen de twa gwo chèf peyi Lazi a ki te zanmi li, yo voye mande li pou li pa fè enpridans parèt nan Estad la. Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pat konnen ojis poukisa yo te sanble. Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l pran defans jwif yo devan pèp la. Men, lè yo rekonèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: — Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès. Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa: — Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la. Pèsonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n mete tèt nou anplas pou n pa fè anyen san nou pa kalkile byen. Bon! Mesye sa yo nou mennen isit la, yo pa fè pyès zak derespektan ni pale lèd sou Atemis, deyès nou an. Si Demetriyis ak ouvriye l yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y'al pote plent. Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa. Ak sa ki pase jodi a, yo kapab al di se revòl n'ap fè kont otorite yo wi. Pa gen rezon pou tout dezòd sa a. Pa gen lòt esplikasyon yo ka bay rasanbleman sa a non. Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an