Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la. Li mande yo: — Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: — Yo pat janm di nou te gen yon Sentespri. Lè sa a, Pòl mande yo: — Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: — Batèm Jan an. Pòl di yo: — Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l la, ki vle di Jezi. Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.
Li Travay 19
Koute Travay 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 19:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo