Travay 17:16-34

Travay 17:16-34 HAT98

Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l anpil lè l wè ki jan lavil la te plen zidòl. Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la. Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: — Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: — Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò. Lè sa a, yo pran li, yo mennen li nan Ayewopaj la. Epi yo di li: — Nou ta renmen konnen tout bagay nouvo sa yo w'ap moutre moun yo la a. W'ap di yon bann bagay dwòl nan zòrèy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di. (Se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fenk parèt.) Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Ayewopaj la, li di: — Nou menm moun Atèn, mwen konstate tout jan kouman nou fanatik relijyon anpil anpil. Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan vil nou an, mwen wè tout kote nou adore. Epi nan gade konsa, je m' tonbe sou yon lotèl ki ekri konsa: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen li an, se li menm m'ap fè nou konnen jodi a. Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l, se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo. Li pa bezwen pou moun travay ba l anyen nonplis, paske se li menm ki bay moun lavi, ki fè yo respire, ki ba yo tout lòt bagay. Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout sòti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete. Li fè tou sa pou yo ka chache l, pou yo ta ka rive jwenn li lè yo seye pran kontak avèk li. Men, Bondye pa pi lwen okenn nan nou pase sa. Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li kò nou jwenn mouvman, se nan li nou gen egzistans. — Gen nan powèt nou yo ki di menm bagay la tou: Nou menm tou, nou soti nan ras li. — Si nou soti nan ras li, nou pa fèt pou panse Bondye se yon moso lò, yon moso lajan osinon yon moso wòch moun travay ak ladrès pou fè pòtre yo imajine. Men, Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò. Lè yo tande Pòl di moun mouri ka leve, te gen ladan yo ki pran pase l nan betiz. Gen lòt menm ki t'ap di li: — N'a tande koze sa a yon lòt jou. Se konsa Pòl sòti nan mitan yo. Men, atousa, te gen ladan yo ki te dakò pou yo te mache ak Pòl epi ki te kwè. Pami yo te gen Deni, manm Aewopaj la, yon fanm yo te rele Damaris ak kèk lòt ankò.