Moun ki t'ap kondi Pòl yo mennen l jouk lavil Atèn. Apre sa, yo tounen Bere. Pòl menm te voye lòd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit. Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l anpil lè l wè ki jan lavil la te plen zidòl. Li t'ap diskite nan sinagòg la avèk jwif yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Apre sa, chak jou li t'ap diskite tou sou plas piblik la avèk tout moun li te kontre la. Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: — Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: — Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò. Lè sa a, yo pran li, yo mennen li nan Ayewopaj la. Epi yo di li: — Nou ta renmen konnen tout bagay nouvo sa yo w'ap moutre moun yo la a. W'ap di yon bann bagay dwòl nan zòrèy nou. Nou ta renmen konnen sa yo vle di.
Li Travay 17
Koute Travay 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 17:15-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo