Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou. Sentespri pat kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sa k fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete. Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pat pèmèt yo fè sa. Yo pase nan Mizi san rete, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi anpeche yo. Yo desann lavil Twowas. Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te sòti peyi Masedouàn kanpe devan l ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedouàn, vin pote nou sekou.
Li Travay 16
Koute Travay 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 16:5-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo