Nou pran batiman Twowas, nou fè vwal tou dwat pou zile Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neyapolis. Antan nou la, n'al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedouàn lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a. Jou repo a, nou sòti, n'al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo. Yonn ladan yo te rele Lidi. Li te moun Tiyati, yon machann bèl twal wouj gwo pri. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Senyè a louvri lespri li pou li te swiv tout sa Pòl t'ap di. Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.
Li Travay 16
Koute Travay 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 16:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo