Apre sa, Pòl ale lavil Dèb, epi l rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l te yon moun peyi Lagrès. Frè ki t'ap viv nan List ak Ikonyòm yo te bay bon rapò pou Timote. Pòl te vle mennen l avèk li. Li pran l, li sikonsi l paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk. Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an. Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou.
Li Travay 16
Koute Travay 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 16:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo